Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 4:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Moun k ap anseye move bagay sa yo, yo se ipokrit, yo bay manti. Konsyans yo fin seche nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Y'ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho;

Gade chapit la Kopi




1 Timote 4:2
18 Referans Kwoze  

Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.


Fè atansyon ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo, men anndan se yon pakèt bèt fewòs yo ye.


Ap gen lòt menm k ap leve nan mitan nou epi k ap kòmanse anseye fo doktrin pou chache rale kèk disip Kris la dèyè yo.


Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè.


Se pa Kris, Senyè nou an moun sa yo ap sèvi. Yo sèlman ap fè vant yo plezi. Y ap sèvi ak bèl pawòl, y ap flate w, moun ki sispèk yo, yo twonpe yo.


Konsa, nou p ap tankou ti moun ki pako devlope ankò. Nou p ap moun k ap chanje lide tout tan, tankou yon bato vag lanmè ap pote. Nou pa pral kite nenpòt nouvo doktrin nou tande nan bouch moun enfliyanse nou. Moun sa yo se koken yo ye, yo sèvi ak tout kalite trik pou fè moun swiv move chemen.


Yo vin pèdi tout wont nan lespri yo, wont pou ta fè yo pa ta lage kò yo nan tout kalite vis. Okontrè, se tout kalite bagay sal yo vle fè pi plis.


Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!


Lespri sa yo, se demon yo te ye. Se twa lespri demon ki t ap fè anpil mirak. Yo pral rasanble tout wa sou latè pou batay ki gen pou fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite