Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 3:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Men yon bagay ki sèten: si yon moun vle pou l yon lidè prensipal nan Legliz, se yon bèl bagay li vle fè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Sa se yon pawòl kach: Si yon moun dèyè dirije legliz, li dèyè yon bèl travay.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Sa se yon vrè pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon pastè, se yon bon zèv li dezire fè a.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 3:1
19 Referans Kwoze  

Konsa tou m ap di nou, gen anpil rejwisans nan pami anj Bondye yo lè yon pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye.”


Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou lakay li tounen yon dezè, se pou pèsonn pa rete lakay li. Men sa ki ekri ankò: Se pou yon lòt moun ranplase li nan travay la.


Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a tankou bèje pran swen twoupo, yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li.


M ap di nou sa, nou menm moun ki pa soti nan ras Jwif yo: Mwen se moun Bondye voye pale avè nou. M bay travay sa a anpil enpòtans.


Kris bay don sa yo pou prepare pèp Bondye a pou yo ka sèvi nan ministè a, pou kò Kris la ka pi solid.


Mwen menm Pòl ak Timote, sèvitè Jezikris, nou salye nou tout, pèp ki apa pou Bondye a, ansanm ak tout lòt lidè ak dyak legliz k ap viv nan vil Filip.


Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w.


Mesaj sa a se verite a, nou dwe resevwa l san ezite: Jezikris te vin nan lemonn pou l sove pechè yo. Mwen menm, mwen se premye nan yo.


Sa se yon bagay tout moun ta dwe aksepte san menm poze kesyon.


Men sa ki sèten: Si nou mouri avèk Kris, n ap viv ansanm avè l tou.


Chak lidè nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont.


Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi kon sa ki bon epi itil pou tout moun.


Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la.


Nou te tankou “mouton ki pèdi wout nou”. Men kounye a, nou retounen vin jwenn Gadò nou an, sila a k ap veye sou lavi nou an.


Nou ka soufri se vre, men nou pa dwe ap soufri paske nou touye moun, nou vòlè, nou kreye pwoblèm pou lòt moun osinon paske nou foure bouch nan bagay ki pa gade nou.


Aji tankou gadò sou bann mouton Bondye mete sou kont nou yo. Pa veye sou yo poutèt yo fòse nou, men veye sou yo paske se sa Bondye vle. Pa fè sa nan lide pou nou fè kòb, men fè l ak tout kè nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite