Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Timote 2:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Poutan, l ap sove pa mwayen pitit li. Men, fòk medam yo rete byen devwe pou Bondye nan lanmou epi mennen yon lavi senp ki fè Bondye plezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Men fanm lan va sove lè li vin manman, si li kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, si li rete tou senp epi apa pou Bondye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 2:15
14 Referans Kwoze  

Mari akouche premye pitit gason li. Li vlope l byen vlope epi li mete l kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje. Li te mete pitit la kouche la paske pa t gen plas ankò nan otèl la.


Pati nan kò a ki parèt san enpòtans yo, se yo menm nou bay plis valè. Pati nan kò a ki dwe rete kache, se yo nou bay swen espesyal.


Men Senyè a fè m anpil gras. Epi, avèk favè li, li ban m lafwa ak lanmou tou ki genyen nan Kris la, nan Jezi.


Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.


Mwen vle medam yo abiye kòrèkteman. Yo dwe abiye yo yon fason ki fè diyite yo epi ki senp, san kwafi konplike, bann bijou an ò, pèl oubyen rad ki koute twò chè pou fè moun wè yo.


Gras Bondye aprann nou pou nou pa viv nan opozisyon kont Bondye epi pou nou refize viv dapre dezi nou genyen pou n ta swiv move bagay ki nan mond lan. Se pou nou panse byen sou jan n ap viv nan mond lan jodi a, pou nou fè sa ki dwat epi pou nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye.


Tout bagay prèt pou fini nan lemonn. Kidonk, fòk nou gen tèt nou an plas epi veye pou n pa fè okenn neglijans nan lapriyè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite