Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 3:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Sa se yon vrè pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon pastè, se yon bon zèv li dezire fè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Sa se yon pawòl kach: Si yon moun dèyè dirije legliz, li dèyè yon bèl travay.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Men yon bagay ki sèten: si yon moun vle pou l yon lidè prensipal nan Legliz, se yon bèl bagay li vle fè.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 3:1
19 Referans Kwoze  

Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi, e sila ki saj va sove nanm yo.


“Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”


“Paske sa ekri nan liv Sòm Yo: ‘Kite kote li rete a vin devaste; e pa kite pèsòn rete ladan l’; ‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’.


“Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.


Paske m ap pale avèk nou menm ki se pèp etranje yo. Otan ke mwen menm se yon apòt a pèp etranje yo, mwen leve sèvis ministè pa m byen wo.


pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la,


Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk dirijan legliz ak dyak yo tou:


Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.


Li se yon vrè pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a.


Sa se yon vrè Pawòl ki merite aksepte pa tout moun.


“Sa se yon vrè pawòl: Paske si nou te mouri avèk Li, nou va osi viv avèk Li.


Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp;


Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.


Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.


Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.


Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay;


se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite