Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 23:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lè sa a, Pòl di li: — Ou pòtre yon miray blanchi! Se Bondye ki va frape ou. Paske ou swadizan chita sou lalwa pou jije mwen, epi se ou menm ankò k'ap vyole lalwa, lè ou bay lòd leve men sou mwen an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Lè sa a, Pòl di: “Ou menm se Bondye k ap frape w! Miray blanchi! Gade w chita la pou jije m selon lalwa, epi gade w mande pou yo frape m, epi se yon bagay ki kont lalwa!”

Gade chapit la Kopi




Travay 23:3
14 Referans Kwoze  

Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”


Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou? Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?


Anplis, mwen te wè anba solèy la ke nan plas lajistis gen mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste.


“‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.


Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite.


Nou menm ki fè jistis vin tounen lanvè, e ki jete ladwati rive jis atè yo,


Akoz sa a, Anne te voye Li tou mare bay Caïphe, wo prèt la.


“Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”


Men sila ki te akote yo te di: “Èske se ensilte w ap ensilte wo prèt Bondye a?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite