5 O Bondye, Ou konnen foli mwen. Koupabilite mwen pa kache devan Ou.
5 (6) Bondye, mwen pa kapab kache peche m yo devan ou. Ou konnen jan m te aji tankou moun fou.
Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.
Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen.
SENYÈ, tout volonte m devan Ou. Tout plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, ni inikite yo pa kache devan zye M.