Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 69:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pa kite sila k ap tann Ou yo vin wont akoz mwen, O Senyè BONDYE dèzame yo. Pa kite yo vin dezonere akoz mwen menm, O Bondye Israël la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 (7) Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m fè moun k'ap sèvi ou yo wont.

Gade chapit la Kopi




Sòm 69:6
10 Referans Kwoze  

Bondye a Israël la te di, Wòch Israël la te pale mwen, Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, ki renye avèk lakrent Bondye yo,


Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont; sila ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.


Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.


Kite asanble a tout pèp yo antoure Ou. Gouvènen yo, depi an wo.


Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la! Li sèl ki fè mèvèy!


Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo, e fi yo kon manman nouris. Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè, pou niche pousyè nan pye ou. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a; sila ki tann Mwen yo p ap vin wont.”


Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve Li te mennen yo sòti ladann.


“Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël yon Sovè, Jésus.


Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite