Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 69:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen. Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m. Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 (5) Gen yon bann moun ki rayi m san m pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m lènmi, yo pi fò pase m, y'ap chache touye mwen. Yo fè m renmèt sa m pa pran.

Gade chapit la Kopi




Sòm 69:4
14 Referans Kwoze  

“Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’


Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. Inikite mwen yo te fin pran m nèt jiskaske mwen pa t kab wè. Yo plis pase cheve sou tèt mwen. Kè m fin fè fayit.


Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.


Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a.


Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m. Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo, pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Zye m pouri nèt ak gwo doulè. Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite