Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 67:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa, paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 (5) Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè.

Gade chapit la Kopi




Sòm 67:4
18 Referans Kwoze  

“Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”


Mande Mwen, e Mwen va bay Ou nasyon yo kon eritaj, jis rive nan dènye pwent latè kon posesyon pa Ou.


Mwen te di: “Se dye ke nou ye, e nou tout se fis a Pi Wo a.


Li va jije mond lan avèk ladwati; Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.


Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.” Anverite, mond lan etabli byen solid. Li p ap ebranle menm. SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.


devan SENYÈ a, paske l ap vini pou jije latè. Li va jije lemonn ak ladwati Li E pèp yo avèk jistis.


“Chante, O esteril la! Ou menm ki pa t kapab fè pitit! Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò, ou menm ki pa t gen doulè ansent lan! Paske fis fanm abandone an va depase fis a fanm ki marye yo”, SENYÈ a di.


Gade byen, Mwen te bay li kon yon temwen a pèp la, yon chèf ak kòmandè pou pèp la.


Anpil chamo va kouvri ou, jenn chamo a Madian ak Épha yo. Tout sila soti Séba yo va vini. Yo va pote lò ak lansan, e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.


paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”


Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.


Paske sa ekri: “Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit; eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa nan doulè pou fè timoun nan: paske pitit a sila ki aflije a plis an kantite pase sila ki gen mari a.”


Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a, paske L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo. Li va rann vanjans sou advèsè Li yo, e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite