Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -

Sòm 67 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan

1 Ke Bondye ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——

2 Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a, ak sali Ou pami tout nasyon yo.

3 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou.

4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa, paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan

5 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou.

6 Latè te bay pwodwi li. Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.

7 Bondye ap toujou beni nou. Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite