Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 40:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. Inikite mwen yo te fin pran m nèt jiskaske mwen pa t kab wè. Yo plis pase cheve sou tèt mwen. Kè m fin fè fayit.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 (13) Kote m vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouray mwen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 40:12
13 Referans Kwoze  

Epi li te di a frè l yo: “Lajan mwen an remèt wi! E gade byen, li la menm nan sak mwen an!” Konsa kè yo plonje desann. Yo te vire, tou ap tranble, youn ak lòt, e te di: “Kisa Bondye gen tan fè nou la a?”


Kòd lanmò yo te antoure m, e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen. Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.


Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.


Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen. Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.


Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan. Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.


Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen. Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m. Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.


Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit, men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.


Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.


Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle.


Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.


Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite