Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 40:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen. Lanmou dous Ou avèk verite Ou va prezève mwen tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 (12) Senyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m, paske ou renmen m. Ou p'ap janm lage m.

Gade chapit la Kopi




Sòm 40:11
10 Referans Kwoze  

Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo, E mwen va viv lakay SENYÈ a jis pou tout tan.


Voye limyè Ou deyò avèk verite Ou; kite yo mennen mwen. Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.


Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen. Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.


Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan. Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.


Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ, nan yon lè ki bon, nan grandè lanmou dous Ou a. Reponn mwen avèk sali verite Ou a.


Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon; Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.


Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm. Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.


Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a va kanpe janm jis pou tout tan. Ou te etabli syèl yo. Fidelite Ou rete nan yo.


Fidelite ak verite prezève wa a, e ladwati bay twòn li an soutyen.


Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite