10 Tande, O SENYÈ e fè m gras. O SENYÈ, ban m soutyen.”
10 (11) Koute m non, Senyè! Gen pitye pou mwen! Senyè, pote m sekou!
Tande lapriyè mwen, O SENYÈ. Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo. Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou!
Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m. Fè m gras e reponn mwen.
SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen. Kè m mete konfyans nan Li, e mwen jwenn sekou. Pou sa, kè m leve wo nèt. Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
Gade byen, Bondye se èd mwen. SENYÈ a se soutyen a nanm mwen.
Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.