Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 140:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo, pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 (10) Pa kite moun ki pa vle wè m yo donminen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!

Gade chapit la Kopi




Sòm 140:9
11 Referans Kwoze  

Epi Zéresch, madanm li an, te di li: “Fè yo prepare yon wo etaj senkant koude nan wotè, e demen maten, mande wa a pou pann Mardochée ladann. Epi apre, ale nan bankè a avèk jwa.” Konsèy la te fè Haman byen kontan e li te fè yo prepare etaj la.


Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.


Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.


Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li, e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.


Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo. SENYÈ nou an va koupe retire yo.


Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans.


Benediksyon se sou tèt a moun dwat la; men bouch mechan an kache vyolans.


Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm.


Bouch a moun san konprann nan se dega li; e lèv li se pèlen pou nanm li.


Tout pèp la te reponn e te di: “Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”


si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite