Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 140:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo. Kite yo jete nan dife, nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 (11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.

Gade chapit la Kopi




Sòm 140:10
17 Referans Kwoze  

Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou lapli sou Sodome avèk Gomorrhe.


Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.


Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.


Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou. SENYÈ a va vale yo nèt nan kòlè Li, epi dife va devore yo.


Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.


Nan moman sa a, tout moun va krent. Konsa, yo va deklare zèv Bondye yo. Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.


Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li. Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.


Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an va li menm tonbe nan pwòp fòs li; men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.


Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun va yon fijitif jiskaske li mouri. Pinga pèsòn ba li soutyen.


L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo.


Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.


Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite