Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 31:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Bay bwason fò a sila k ap peri a, ak diven a sila ki gen lavi anmè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 31:6
9 Referans Kwoze  

Lè l te rive kote nonm Bondye a sou ti mòn nan, li te kenbe de pye li. Guéhazi te parèt pou pouse l fè l sòti; men nonm Bondye a te di: “Kite li, paske nanm li twouble anndan l. SENYÈ a te kache sa de mwen sa, e pa t di m sa.”


Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen e mwen te fè kè vèv la chante avèk jwa.


“Poukisa limyè bay a sila ki soufri a, e lavi a nanm anmè a,


e diven ki fè kè a lòm kontan an, pou li kab fè figi li klere ak lwil, ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.


Kite li bwè pou bliye mizè li e pa sonje pwoblèm li ankò.


Kisa mwen kapab di? Non sèlman Li te pale ak mwen, Men Li, Li menm, te fè l. Mwen va mache an règ pandan tout ane m yo akoz gou anmè kè m fin goute.


Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.


Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè.


Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite