Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 31:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la, e tòde dwa a sila ki aflije yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 31:5
9 Referans Kwoze  

Lè Ben-Hadad te tande mesaj sila a, pandan li t ap bwè avèk wa yo nan tonèl pwovizwa pa yo, li te di a sèvitè li yo: “Pran plas nou”. Konsa, yo te pran plas yo kont vil la.


Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li.


Sila ki bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la; tou de abominab a SENYÈ a.


Panche vè youn moun mechan an pa bon, ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.


Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,


sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!


Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.


Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.


Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite