Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 13:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 13:11
19 Referans Kwoze  

Li te vale richès, men vomi fè yo retounen vin parèt. Bondye va fè yo sòti nan vant li.


Lè ou manje nan fwi a men ou yo, ou va kontan e sa va ale byen pou ou.


Richès ranmase pa mechanste pa reyisi, men ladwati delivre soti nan lanmò.


Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.


Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.


Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.


Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.


Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon; men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.


Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès e li pa konnen kisa k ap rive li.


Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan, ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.


Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li.


Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite