Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 12:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo; men mechan yo plen ak twoub.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 12:21
17 Referans Kwoze  

SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal. Li va kenbe nanm ou.


Nanpwen mal k ap rive ou, Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.


Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo, e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.


Men sila ki koute mwen an va viv ansekirite, e li va rete alèz san pè malè.”


Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre.


Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo; men konseye lapè yo gen jwa.


Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li; men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.


Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi ak kè satisfè, san kontamine ak mal.


Li bon pou ou ta kenbe pran yon bagay san ou pa lage lòt la; paske sila ki gen lakrent Bondye a ap vini ak tou de.


Sila ki swiv yon kòmand wayal pa jwenn twoub; paske yon kè saj konnen tan ak mwayen ki bon pou aji.


Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou.


Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.


Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,


Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon?


Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite