Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 12:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo; men konseye lapè yo gen jwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 12:20
16 Referans Kwoze  

Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li.


Ou te rejte tout sila ki te egare kite règleman Ou yo, paske sediksyon yo a pa reyisi.


Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo; men rasin ladwati yo va donnen fwi li.


Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman.


Nanpwen mal ki rive moun dwat yo; men mechan yo plen ak twoub.


Men pou mwen menm, mwen pa t kouri pou m ta sispann fè bèje pou Ou, ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a. Ou konnen! Tout pawòl lèv mwen yo te nan prezans Ou.


Selon toulède wa sa yo, kè yo apiye vè fè mal. Yo va pale manti youn ak lòt sou menm tab, men sa p ap reyisi, paske fen an toujou gen pou vini nan lè apwente a.


Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a. Li va pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon prèt ki chita sou twòn Li, e konsey lapè a va antre yo de (2).’”


Beni se sila yo ki fè lapè; yo va rele yo fis Bondye.


Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay.


Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite