Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 11:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi, e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Yon moun ki sòti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 11:19
18 Referans Kwoze  

Epi li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te voye mesaje yo pou mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an—-èske se akoz nanpwen Dye an Israël pou mande pawòl Li? Pou sa, ou p ap desann kabann kote ou te monte a, men anverite, ou va mouri.’”


Alò, se pou sa, pale SENYÈ a: ‘Ou p ap desann soti nan kabann kote ou te monte a, men ou va anverite, mouri.’” Konsa, Élie te pati.


Salè a moun dwat se lavi; revni a mechan an se pinisyon.


Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.


Nan chemen ladwati se lavi; e nan wout li nanpwen lanmò.


Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi ak kè satisfè, san kontamine ak mal.


Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan, va jwenn repo nan asanble mò yo.


Sila ki swiv ladwati ak fidelite a jwenn lavi, ladwati ak lonè.


Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”


men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.


Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.


Lajistis e se sèl lajistis nou va swiv, pou nou kapab viv e posede peyi ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou an.


Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.


Selon sa pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li.


Ti moun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite