Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 11:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li; men yon nonm mechan fè tèt li mal.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 11:17
19 Referans Kwoze  

Li souse pwazon koulèv yo; lang a vipè a kap touye li.


Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li; men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.


Sila ki bay ak men louvri va beni; paske li bay manje a malere.


Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm kon mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.


Moun dwat la peri, men pèsòn pa pran sa a kè. Sila ak mizerikòd vin retire, men pèsòn pa konsidere ke moun dwat la retire pou anpeche mal la rive l.


Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”


Beni se sila yo ki bay mizerikòd; yo va resevwa mizerikòd.


“Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”


Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou.


Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite