Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 11:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Yon fanm ak gras twouve onè; e mesye san prensip yo twouve richès.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouray nan travay ap jwenn ak kòb li.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 11:16
18 Referans Kwoze  

Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.


Pitit li yo leve e beni li; mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:


“Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”


Pwoklame sou sitadèl Asdod yo, ak sitadèl peyi Égypte yo. Di yo konsa: Rasanble nou sou mòn Samarie yo pou wè gwo zen ki anndan yo, ak opresyon ki nan mitan yo.


Anverite, Mwen di nou ke nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt.”


men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”


avèk Jeanne, madanm Chouza a, entandan Hérode la, ak anpil lòt ki t ap kontribye a soutyen ki sòti nan mwayen pèsonèl yo.


Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.


Salye Marie ki travay di pou nou.


Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki konnen laverite yo,


Lè sèvitè a David yo te parèt kote Abigaïl nan Carmel, yo te pale a li e te di: “David te voye nou kote ou pou pran ou kòm madanm li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite