30 Moun ladwati a p ap janm souke; men mechan yo p ap demere nan peyi a.
30 Yo p'ap janm ka brannen moun k'ap mache dwat. Men mechan yo ap disparèt nan peyi a.
Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
Paske li p ap janm ebranle. Moun dwat la va sonje jis pou tout tan.
Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a, men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.
Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan
Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt; men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.
Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”