Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 10:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li; men sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l pè rive l la k'ap rive l.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 10:24
16 Referans Kwoze  

Bri laperèz sone nan zòrèy li. Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.


Paske sa m krent lan te vini sou mwen. Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.


Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo. Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.


Ou te bay li dezi a kè li, ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.


Pran plezi ou nan SENYÈ a. Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.


konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo. Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,


lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt e gwo dezas nou yo tankou toubiyon, lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.


Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Konsa, Mwen va deziye pinisyon yo, e Mwen va mennen sou yo sa ke yo plis pè a. Paske Mwen te rele, men pèsòn pa t reponn; Mwen te pale, men yo pa t koute, men se mal yo te fè devan zye M, e yo te chwazi sa ki pa t fè M plezi.”


Nou te pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a.


Tout sa te vin rive a Nebucadnetsar, wa a.


Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati; yo va satisfè.


“Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.


“Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.


men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite