Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 18:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Paske dim a fis Israël yo, ke yo ofri kòm yon ofrann bay SENYÈ a, Mwen te bay a Levit yo kòm eritaj. Konsa, Mwen te di konsènan yo: ‘Yo p ap gen okenn eritaj pami fis Israël yo.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pèp Izrayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Senyè a. Se poutèt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la.

Gade chapit la Kopi




Nonb 18:24
10 Referans Kwoze  

Prèt la, fis a Aaron an, va avèk Levit yo lè Levit yo resevwa dim yo, e Levit yo va pote yon dizyèm nan dim pa yo vè lakay Bondye nou an, pou l antre nan chanm depo yo.


Konsa ankò, tout Juda te pote dim sereyal la, diven an avèk lwil la, antre nan kay depo yo.


“‘Konsa tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a.


SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:


“Anplis, ou va pale avèk Levit yo pou di yo: ‘Lè nou pran soti nan fis Israël yo, dim ke Mwen te bay a nou menm pou eritaj nou, alò nou va prezante yon ofrann ki sòti nan li bay SENYÈ a, yon dim nan dim nan.


Sila ki te konte nan yo te venn-twa-mil (23,000), tout gason soti nan yon mwa oswa plis, paske yo pa t konte pami fis a Israël yo akoz pa t gen eritaj ki te bay a yo menm pami fis Israël yo.


Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.


“Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.


Sèlman a tribi Levi a, li pa t bay eritaj. Ofrann pa dife a SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan Li te pale yo a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite