Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 18:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Sèl Levit yo va fè sèvis tant asanble a. Yo va pote inikite pa yo. Sa va yon règleman pou tout tan atravè jenerasyon nou yo. Pami fis Israël yo, yo p ap gen okenn eritaj.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Depi kounyeya, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la.

Gade chapit la Kopi




Nonb 18:23
10 Referans Kwoze  

Nan tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”


“‘“Men Levit ki te ale lwen Mwen lè Israël te vin egare a, ki te vin egare kite Mwen ki t ap kouri dèyè zidòl yo, va pote pinisyon pou inikite pa yo.


Konsa, SENYÈ a te di a Aaron: “Ou menm avèk fis ou yo avèk lakay zansèt ou va pote inikite la pou zafè sanktyè a, e nou menm avèk fis nou yo va pote inikite la kon prèt.


SENYÈ a te di a Aaron: “Ou p ap gen okenn eritaj nan peyi a ni posesyon okenn pati pami yo. Mwen se pati pa ou ak eritaj ou pami fis Israël yo.


“‘Se konsa sa va yon règleman pou tout tan pou yo. Sila ki flite dlo pirifikasyon an, va osi lave rad li, e sila ki touche dlo pirifikasyon an va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Sila ki te konte nan yo te venn-twa-mil (23,000), tout gason soti nan yon mwa oswa plis, paske yo pa t konte pami fis a Israël yo akoz pa t gen eritaj ki te bay a yo menm pami fis Israël yo.


Yo va ranpli devwa pou li ak pou tout kongregasyon an devan tant asanble a, pou fè sèvis tabènak la.


“‘Bagay sa yo va yon òdonans lalwa pou tout jenerasyon nou yo nan tout abitasyon nou yo.


Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.


Sèlman a tribi Levi a, li pa t bay eritaj. Ofrann pa dife a SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan Li te pale yo a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite