Paske dim a fis Israël yo, ke yo ofri kòm yon ofrann bay SENYÈ a, Mwen te bay a Levit yo kòm eritaj. Konsa, Mwen te di konsènan yo: ‘Yo p ap gen okenn eritaj pami fis Israël yo.’”
“Anplis, ou va pale avèk Levit yo pou di yo: ‘Lè nou pran soti nan fis Israël yo, dim ke Mwen te bay a nou menm pou eritaj nou, alò nou va prezante yon ofrann ki sòti nan li bay SENYÈ a, yon dim nan dim nan.