Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 9:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Ou se SENYÈ a, ki te chwazi Abram nan, e ki te fè l sòti nan Ur a Kaldeyen yo, ki te bay li non Abraham.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Senyè, se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fè l kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l, ou rele l Abraram.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 9:7
11 Referans Kwoze  

Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.


Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.”


Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham, paske Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon.


Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”


Abram, ki se Abraham.


Gade vè Abraham, papa nou an ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”


Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite