Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Neyemi 9:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Senyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 9:6
43 Referans Kwoze  

“O SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li anwo cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou menm sèl, sou tout wayòm latè yo. Ou te fè syèl la ak latè a.


Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.


“Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”


“Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann.


“Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn!


Pa tranble, pa pè. Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm e te demontre nou sa? Konsa, nou se temwen M. Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm? Anverite, nanpwen! Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”


Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: Mwen se premye a e Mwen se dènye a; nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.


Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a.


Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.


“Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a, “Ak sèvitè ke M te chwazi; pou nou ka konnen, kwè nan Mwen e konprann ke Mwen se Li menm nan. Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme e apre Mwen, p ap gen menm.


Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”


Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo, ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè. O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.


Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!


Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.


E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,”


Koulye a, O SENYÈ, Bondye nou an, delivre nou soti nan men l pou tout wayòm latè yo ka konnen ke Ou menm sèl SENYÈ a, se Bondye.”


Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye. Se Ou sèl ki Bondye.


Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”


Mwen te bay yo lalwa Mwen yo, e te fè yo rekonèt règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo.


Ki te fè syèl la avèk tè a, lanmè ak tout sa ki ladann. Ki fidèl jis pou tout tan.


Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo, nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.


Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt: pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.


Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li.


Mwen avèk Papa a se youn.”


Jacob te di lè li te wè yo: “Sa se lame Bondye a.” Konsa, li te nonmen plas sa a Mahanaïm.


Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann,


Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki se leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni.


Se kilès ki Wa glwa a? SENYÈ dèzame yo! Se Li menm ki Wa glwa a. Tan.


Depi tan ansyen yo, Ou te fonde latè, e syèl yo se zèv lamen Ou yo.


Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a, Kreyatè syèl la ak tè a.


Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li. Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M e mete tout lame selès pa yo an lòd.


Li te di yo: “Mwen se yon Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.”


Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt.


Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.


Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.


‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite