Neyemi 9:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 Ou te twouve kè li fidèl devan Ou, epi te fè yon akò avèk li, pou bay li tout tè a Canaan yo, a Etyen yo avèk Amoreyen yo, a Ferezyen yo, Jebizyen yo, avèk Girezyen yo, pou livre bay li a desandan pa li yo. Konsa, Ou te akonpli pwomès Ou te fè a, paske Ou jis. Gade chapit la1998 Haïtienne8 Lè ou wè li te sòti pou l kenbe pawòl li ak ou, ou pase yon kontra avè l. Ou pwomèt w'ap ba li peyi moun Kanaran yo, peyi moun Et yo ak peyi moun Amori yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Jebis yo ak peyi moun Gigach yo pou li ak pou pitit pitit li yo. Ou te kenbe pwomès ou yo paske ou pa janm nan bay manti. Gade chapit la |