Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 4:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Depi jou sa a, mwatye nan sèvitè mwen yo te fè travay la, e lòt mwatye a te kenbe lans yo, boukliye pwotèj yo, banza yo ak pwotèj lestomak yo. Epi kapitèn yo te dèyè lakay Juda a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Depi lè sa a, mwatye nan gason yo al nan travay, lòt mwatye a t'ap veye avèk frenn yo, pwotèj pou bra yo, banza yo ak gwo plak fè sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Tout chèf yo te la dèyè pèp Jida a

Gade chapit la Kopi




Neyemi 4:16
8 Referans Kwoze  

Lè lènmi nou yo te tande ke afè yo te rekonèt pa nou, e ke Bondye te jennen plan yo; alò, nou tout te retounen kote miray la, chak moun nan pwòp travay li.


Sila ki t ap rebati miray la avèk sila ki te pote chaj yo te pran chaj yo nan yon men pou fè travay la e te kenbe yon zam nan lòt men an.


Konsa, ni mwen menm, ni frè m yo, sèvitè mwen yo, ni mesye nan gad ki te swiv mwen yo, okenn pa t rete rad yo, chak moun te pote zam li, menm lè yo ale chache dlo.


Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m. Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm ki va sèvitè mwen.


Va genyen yon ouvèti nan tèt anwo li, nan mitan li. Ozanviwon ouvèti li va genyen yon bòdi ak zèv trese, tankou ouvèti nan yon pwotèj batay, pou li pa chire.


Yo tout ki konn manyen nepe, ki fò nan afè lagè; chak mesye gen nepe l bò kote li, pou fè gad kont menas lannwit yo.


Sele cheval, e monte sou do yo; pran pozisyon nou ak kas nan tèt! Netwaye tout lans yo, e mete abiman an bwonz!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite