Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 4:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Lè lènmi nou yo te tande ke afè yo te rekonèt pa nou, e ke Bondye te jennen plan yo; alò, nou tout te retounen kote miray la, chak moun nan pwòp travay li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Lè lènmi nou yo wè nou te konnen sa yo t'ap konplote a, yo vin konprann Bondye te sòti pou gate plan yo. Apre sa, nou tounen al travay nan miray ranpa a, chak moun bò pa yo.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 4:15
13 Referans Kwoze  

Alò, yon moun te pale David e te di: “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.” Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.”


Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.


Depi jou sa a, mwatye nan sèvitè mwen yo te fè travay la, e lòt mwatye a te kenbe lans yo, boukliye pwotèj yo, banza yo ak pwotèj lestomak yo. Epi kapitèn yo te dèyè lakay Juda a.


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; ki te devwale divinò yo tankou moun fou, ki te fè mesye saj yo rale fè bak, pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;


Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”


Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.


Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,


epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite