Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 4:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Sila ki t ap rebati miray la avèk sila ki te pote chaj yo te pran chaj yo nan yon men pou fè travay la e te kenbe yon zam nan lòt men an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 ki t'ap rebati ranpa a. Tout moun ki t'ap bwote materyo te gen zam tou. Yo t'ap travay ak yon men, nan lòt men an yo te kenbe zam yo.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 4:17
15 Referans Kwoze  

Alò, mwen te estasyone moun nan pati piba nan espas dèyè miray la, kote ki te manke pwotèj e mwen te estasyone moun pami fanmi yo avèk nepe pa yo, lans ak banza yo.


Depi jou sa a, mwatye nan sèvitè mwen yo te fè travay la, e lòt mwatye a te kenbe lans yo, boukliye pwotèj yo, banza yo ak pwotèj lestomak yo. Epi kapitèn yo te dèyè lakay Juda a.


Epi pou sila ki t ap bati yo, chak moun te mete yon nepe senti nan ren li pandan li t ap bati a, e mesye twonpèt la te rete toupre mwen.


Ke gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo, ak yon nepe file de bò nan men yo,


Yo tout ki konn manyen nepe, ki fò nan afè lagè; chak mesye gen nepe l bò kote li, pou fè gad kont menas lannwit yo.


“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.


Youn pa jennen lòt. Yo chak mache nan pa yo. Lè y ap eklate travèse defans yo, yo pa kase ran ranje an.


Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.


Paske yon pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.


Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis? Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.


nan pawòl verite a, nan pwisans Bondye a; ak zam ladwati pou men dwat ak men goch yo,


san okenn perèz a lènmi nou yo, ki se yon sign destriksyon pou yo menm, men sali pou nou menm, e sa anplis, soti nan Bondye.


Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus.


Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite