Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 13:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Youn nan disip yo ki te bò tab la, sa Jezi te renmen anpil la, li te chita kòtakòt ak Jezi.

Gade chapit la Kopi




Jan 13:23
15 Referans Kwoze  

men pòv la, pa t gen anyen sof ke yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li.


Azaria, fis a Nathan an te sou depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a;


“Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan sen Abraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere.


Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.


Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”


E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li te renmen l.”


Konsa, Jésus te renmen Marthe ak sè li, ak Lazare.


Konsa, Simon Pierre te fè l siyal, e te di li: “Di nou kilès nan nou ke L ap pale a.”


Sila ki t ap apiye sou pwatrin Jésus e te di Li: “Senyè, kilès li ye?”


Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”


E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”


Pierre te vire gade pa dèyè e te wè disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”


Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.


Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.” Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite