Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 13:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pat konnen ki moun li t'ap pale.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Disip yo te pran gade youn lòt, yo pa t konnen pou kilès nan yo Jezi di pawòl sa a.

Gade chapit la Kopi




Jan 13:22
9 Referans Kwoze  

Alò, Jacob te wè ke te gen sereyal an Égypte, e Jacob te di fis li yo: “Poukisa nou ap gade youn sou lòt konsa?”


Pandan yo t ap manje, Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.


Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: “Asireman, se pa mwen menm, Senyè?”


Pandan yo te chita a tab e t ap manje, Jésus te di: “Anverite, Mwen di nou ke youn nan nou va trayi Mwen; li menm k ap manje avè M.”


Yo te kòmanse tris. Yo t ap mande Li youn pa youn: “Asireman se pa mwen!”


Men gade, men la a sila ki trayi Mwen an; li la avè M sou tab la.


Konsa, yo te kòmanse diskite pami yo kilès nan yo ke li ta kapab ye pou ta fè bagay sa a.


“Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’


Lè Jésus te fin di sa, Li te vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite