Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 13:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Lè Jésus te fin di sa, Li te vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l te boulvèse anpil. Li di yo kareman: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Lè l fin pale konsa, li te santi l boulvèse anndan l, epi li di yo aklè: “An verite, an verite, mwen di nou: gen youn nan nou k ap trayi m.”

Gade chapit la Kopi




Jan 13:21
17 Referans Kwoze  

Pandan yo t ap manje, Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.


“Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’


Pandan yo te chita a tab e t ap manje, Jésus te di: “Anverite, Mwen di nou ke youn nan nou va trayi Mwen; li menm k ap manje avè M.”


“Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a.


Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble.


Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.


Pandan Paul t ap tann yo nan Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl.


Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.


Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon kav e yon wòch te apiye sou Li.


Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.


Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”.


Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite