Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 6:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, Mardochée te retounen nan pòtay a wa a, men Haman te kouri byen vit pou rive lakay li avèk kri doulè, ak tèt li kouvri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Apre sa, Madoche tounen tounen l bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l sitèlman li te wont.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Apre sa,, Madoche tounen al chita ankò devan baryè palè wa a. Men Aman menm kouri antre lakay li ak tèt li kouvri, tèlman l te wont.

Gade chapit la Kopi




Estè 6:12
14 Referans Kwoze  

Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale.


Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.


Konsa, wa Israël la te ale lakay li pa kontan e byen vekse pou te rive Samarie.


Konsa, Achab te rive lakay li pa kontan e byen vekse akoz pawòl ke Naboth, Jizreyelit la, te pale a li a, paske li te di: “Mwen p ap bay ou eritaj zansèt mwen yo.” Li te kouche sou kabann li, te vire figi li akote e li pa t manje manje.


Konsa, li te di li: “Akoz mwen te pale Naboth, Jizreyelit la, e mwen te di li: ‘Ban mwen chan rezen ou an pou lajan; oswa, si li fè ou kontan, mwen va ba ou yon chan rezen pou ranplase li.’ Men li te di: ‘Mwen p ap ba ou chan rezen mwen an.’”


Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te fè l sòti la byen vit, e li menm tou te fè vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li.


Lè vyèj yo te reyini ansanm yon dezyèm fwa a, alò, Mardochée t ap chita nan pòtay a wa a.


Konsa, Haman te pran vètman an avèk cheval la, te abiye Mardochée, te mennen li sou cheval la nan tout plas lavil la, e te fè pwoklamasyon devan l, “Se konsa li va fèt pou nonm ke wa a vle onore a.”


Alò, lè wa a te retounen sòti nan jaden palè a pou l antre nan plas kote yo t ap bwè diven an, Haman t ap tonbe sou sofa kote Esther te ye a. Konsa, wa a te di: “Èske li va menm vyole rèn nan pandan m la nan kay la?” Depi pawòl la te kite bouch a wa a, yo te kouvri figi a Haman.


Ke viktwa a mechan yo kout, e jwa a enkwayan an se pou yon moman?


Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo, Li fin kouvri figi a jij latè yo. Si se pa Li menm, eh byen se kilès?


Konsa, Samuel te kouche jis rive nan maten. Li te ouvri pòt lakay SENYÈ a. Men li te krent pou pale Éli vizyon an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite