Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 6:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Konsa, Haman te pran vètman an avèk cheval la, te abiye Mardochée, te mennen li sou cheval la nan tout plas lavil la, e te fè pwoklamasyon devan l, “Se konsa li va fèt pou nonm ke wa a vle onore a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Aman pran rad la ak chwal la, li mete rad la sou Madoche. Li fè Madoche moute sou chwal la. Epi, Aman pwonmennen l sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, li t'ap di byen fò pou tout moun tande: Men ki jan wa a renmèsye moun pou sèvis yo rann li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Alò, Aman pran wòb la ak tout chwal la. Li mete wòb la sou Madoche epi li fè l monte sou do chwal la. Apre sa, li kenbe tèt chwal la pandan yo fè tout tou vil la. Aman te rele byen fò: “Men kijan wa a fè pou yon moun li vle onore.”

Gade chapit la Kopi




Estè 6:11
9 Referans Kwoze  

Alò, Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kolèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a.


Epi wa a te di a Haman: “Byen vit pran vètman avèk cheval la kon ou te pale a e fè sa pou Mardochée, Jwif la, ki chita nan pòtay wa a. Pa manke nan anyen a tout sa ke ou te pale yo.”


Konsa, Mardochée te retounen nan pòtay a wa a, men Haman te kouri byen vit pou rive lakay li avèk kri doulè, ak tèt li kouvri.


Epi Mardochée te sòti nan prezans a wa a nan vètman wayal la ki te an koulè ble e blan, avèk yon gran kouwòn an lò ak yon manto fèt an len fen e mov; epi lavil Suse te fè yon gwo kri avèk jwa, e te rejwi.


Menm tout chèf pwovens yo, reprezantan a wa yo, gouvènè yo e sila ki t ap fè afè a wa yo te asiste Jwif yo akoz laperèz a Mardochée te vin tonbe sou yo.


Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li, e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.


Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.


Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo, e Li egzalte sila ki enb yo.


Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite