Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 6:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Epi wa a te di a Haman: “Byen vit pran vètman avèk cheval la kon ou te pale a e fè sa pou Mardochée, Jwif la, ki chita nan pòtay wa a. Pa manke nan anyen a tout sa ke ou te pale yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Lè sa a, wa a di Aman: — Kouri al chache rad la ak chwal la. Epi w'a fè tou sa ou di la a pou Madoche, nonm jwif la. W'a jwenn li chita bò pòtay palè a. Pa bliye anyen nan sa ou te di fè a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Lè sa a, wa a di Aman: “Ale tousuit. Pran wòb la ak chwal la epi fè tout sa ou di yo pou Madoche, Jwif la, san manke anyen. Li chita nan baryè antre kay wa a.”

Gade chapit la Kopi




Estè 6:10
7 Referans Kwoze  

Pou sa, konnen byen ke anyen p ap tonbe atè nan pawòl ke SENYÈ a te pale selon lakay Achab la, paske SENYÈ a te fè sa li te pale ak sèvitè li a, Élie.”


Konsa, Haman te pran vètman an avèk cheval la, te abiye Mardochée, te mennen li sou cheval la nan tout plas lavil la, e te fè pwoklamasyon devan l, “Se konsa li va fèt pou nonm ke wa a vle onore a.”


Epi, konsa, kite vètman avèk cheval la remèt a youn nan chèf a wa ki pi onore a e kite yo abiye moun ke wa a vle onore a, mennen li sou do cheval la toupatou nan plas lavil la e pwoklame devan li, ‘Se konsa pou l ta fèt a moun nan ke wa a vle onore a.’”


Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj, nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.


Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.


“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”


Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: “Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite