Estè 6:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen13 Haman te rakonte a Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.” Gade chapit la1998 Haïtienne13 Li rakonte madanm li ak tout zanmi l yo tou sa ki te rive l. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l yo ki te gen bon konprann di l konsa: — Si Madoche se yon jwif vre, kounyeya ou p'ap ka fè l anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil13 Li rakonte madanm li, Zerèch ak tout zanmi konseye l yo, tout sa k sot rive l. Madanm li ak tout zanmi konseye l yo ba l konsèy sa a: “Si se tout bon Madoche soti nan ras Jwif, ou p ap janm ka genyen l. Ou fèk kòmanse fè bèk atè devan l. Nan tout kote ou atake l, asireman w ap tonbe devan l.” Gade chapit la |