Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 8:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Mwen te voye yo kote Iddo, chèf prensipal nan andwa Casiphia a; epi mwen te fè yo konnen kisa pou yo di Iddo avèk frè li yo, sèvitè tanp yo nan andwa Casiphia a, sa vle di pou pote sèvitè yo kote nou pou lakay Bondye pa nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan Tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan Tanp Bondye nou an.

Gade chapit la Kopi




Esdras 8:17
16 Referans Kwoze  

Alò, wa a te reponn e te di: “Èske men Joab mele avèk ou nan tout sa?” Epi fanm nan te reponn: “Jan nanm ou viv la, mèt mwen an, wa a, pèsòn pa kab vire ni adwat ni agoch nan anyen ke mèt mwen an, wa a, te pale a. Anverite, se te sèvitè ou a, Joab ki te kòmande mwen. Epi se te li ki te mete tout pawòl sa yo nan bouch sèvant ou an,


Apre, ale kote wa a, e pale avèk li konsa”. Epi Joab te mete pawòl nan bouch li pou pale.


Premye moun ki te vin abite ankò nan teritwa sila yo, nan vil pa yo, se te Israël, prèt Levit yo ak sèvitè tanp yo.


Netinyen yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, avèk fis a Thabbaoth yo,


Tout sèvitè tanp lan avèk fis a sèvitè Salomon yo te twa-san-katreven-douz.


Kèk nan fis Israël yo avèk kèk nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, ak sèvitè tanp yo, te monte Jérusalem nan setyèm ane a Wa Artaxerxès la.


Akoz sa, mwen te voye pou chèf yo Éliézer, Ariel, Schemaeja, Elnathan, Jarib, Elnathan, Nathan, Zacharie ak Meschullam e pwofesè yo, Jojarib avèk Einathan.


“Ou gen pou pale avèk li, e mete pawòl yo nan bouch li. Mwen va avèk bouch pa w ak bouch pa l, e Mwen va enstwi ou kisa ou gen pou fè.


Epi SENYÈ a te lonje men L e te touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou.


Konsa, pale SENYÈ a: “Si ou retounen, alò, Mwen va mennen ou ankò pou ou kanpe devan M. Si ou separe sa ki presye soti de sa ki san valè, ou va vin tankou bouch Mwen. Yo va retounen kote ou; men ou menm, ou pa p retounen kote yo menm.


Veye byen, se Mwen Menm ki te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a.


“‘Mwen va fè leve yon pwofèt soti nan mitan Izrayelit parèy yo tankou ou, Mwen va mete pawòl Mwen nan bouch li, e li va pale avèk yo tout sa ke Mwen kòmande li.


Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite