Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 8:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Selon bon men SENYÈ a sou nou, yo te mennen bannou yon nonm ak anpil konprann nan fis a Machli yo, fis a Lévi a, fis Israël la, ki rele Schérébia ak fis li yo avèk frè li yo, di-zuit mesye;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Se konsa, avèk benediksyon Bondye ki te sou nou, yo ban nou Cherebya, yon nonm lespri, ki te sòti nan branch fanmi Makli, yonn nan pitit gason Levi yo ki li menm te pitit Izrayèl. Te gen dizwit nan pitit li yo ak fanmi l yo ki te vini ak li tou.

Gade chapit la Kopi




Esdras 8:18
22 Referans Kwoze  

Fis a Lévi yo: Guerschom, Kehath ak Merari.


Fis a Merari yo: Machli ak Muschi. Epi sila yo se fanmi a Levit yo selon zansèt pa yo.


Éléazar te vin papa a Phinées; Phinées te vin papa a Abischua;


Epi Ézéchias te pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.


epi te lonje bay lanmou dous Li a mwen menm devan wa a avèk konseye li yo e devan tout chèf pwisan a wa yo. Se te konsa mwen te ranfòse pa men SENYÈ a, Bondye mwen an, ki te sou mwen an, e mwen te rasanble mesye dirijan prensipal yo soti an Israël pou monte avè m.


Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li.


Paske nan premye jou nan premye mwa a, li te kòmanse monte soti Babylone; epi nan premye jou nan senkyèm mwa a, li te rive Jérusalem, akoz bon men a Bondye pa li a te sou li.


Akoz sa, mwen te voye pou chèf yo Éliézer, Ariel, Schemaeja, Elnathan, Jarib, Elnathan, Nathan, Zacharie ak Meschullam e pwofesè yo, Jojarib avèk Einathan.


epi Haschabia e avèk li, Ésaïe nan fis a Merari yo, avèk frè li yo ak fis li yo, ven;


Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki abandone Li yo.”


Konsa, mwen te mete akote douz nan prèt prensipal yo, Schébéria, Haschabia ak dis nan frè yo.


Zaccur, Schérébia, Schebania,


Chèf an tèt a Levit yo te Haschabia, Schérébia e Josué, fis a Kadmiel la, avèk frè pa yo anfas yo, pou bay lwanj avèk remèsiman, jan sa te preskri pa David, nonm Bondye a, divizyon ki te koresponn ak divizyon.


anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.” Wa a te ban m tout sa akoz bon men Bondye mwen an te sou mwen.


Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas.


Avèk sajès, kay la bati e avèk bon konprann, li vin etabli.


Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.


“Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va fè nou manje sou konesans ak bon konprann.


Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.


Fis a Merari yo selon fanmi pa yo: Machli ak Muschi. Sa yo se fanmi Levit yo selon lakay papa pa yo.


Frè m yo pa fè tankou timoun nan jan nou reflechi. Nan sa ki mal la rete inosan tankou tibebe, men nan jan nou panse, reflechi tankou granmoun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite