Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 8:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Akoz sa, mwen te voye pou chèf yo Éliézer, Ariel, Schemaeja, Elnathan, Jarib, Elnathan, Nathan, Zacharie ak Meschullam e pwofesè yo, Jojarib avèk Einathan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Lè sa a, mwen fè chache nèf chèf sa yo: Elyezè, Aryèl, Chemaja, Elnatan, Jarib, Elnatan, Natan, Zakaraya ak Mechoulam ansanm ak dirèktè sa yo: Jojarib ak Elnatan, de moun ki konn esplike lalwa a.

Gade chapit la Kopi




Esdras 8:16
16 Referans Kwoze  

Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis,


Nan fis a Issacar yo, mesye ki te konprann tan yo, avèk konesans a sa ke Israël ta dwe fè, chèf pa yo te de-san; epi tout fanmi yo te sou kòmann pa yo.


Tiraj osò ki tonbe pou lès la te devni pou Schélémia. Alò, yo te tire osò pou fis li a, Zacharie, yon konseye avèk bon konprann e tiraj osò li a te sòti nan nò.


Konsa, Huram te kontinye: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te fè syèl la avèk tè a, ki te bay Wa David yon fis ki saj, plen avèk pridans, avèk bon konprann, ki va bati yon kay pou SENYÈ a, avèk yon palè wayal pou li menm.


Nan fis a Harim yo, Masséja, Élie, Schemaeja, Jehiel, avèk Ozias.


Schélémia, Nathan, Adaja,


Nan fis a Adonikam yo, dènye yo, men non yo, Éliphéleth, Jeiel ak Schemaeja e avèk li, swasant gason.


Alò, mwen te rasanble yo akote rivyè ki kouri rive Ahava a, kote nou te fè kan pandan twa jou. Epi lè mwen te obsève pèp la avèk prèt yo, mwen pa t twouve okenn nan Levit yo la.


Mwen te voye yo kote Iddo, chèf prensipal nan andwa Casiphia a; epi mwen te fè yo konnen kisa pou yo di Iddo avèk frè li yo, sèvitè tanp yo nan andwa Casiphia a, sa vle di pou pote sèvitè yo kote nou pou lakay Bondye pa nou an.


Selon bon men SENYÈ a sou nou, yo te mennen bannou yon nonm ak anpil konprann nan fis a Machli yo, fis a Lévi a, fis Israël la, ki rele Schérébia ak fis li yo avèk frè li yo, di-zuit mesye;


Paske, SENYÈ a bay sajès. Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.


Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon; men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.


Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil; men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.


Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo. Li retire wa e Li etabli wa. Li bay sajès a moun saj yo, e konesans a moun ki gen bon konprann.


Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.


Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite