Li te fis a yon vèv soti nan tribi Nephtali e papa li te yon moun Tyr, yon travayè nan bwonz. Li te ranpli avèk sajès avèk konprann ak kapasite pou fè nenpòt kalite èv an bwonz. Konsa li te vini a Wa Salomon pou te fè tout travay li yo.
Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’
“Koulye a, Betsaléel, Oholiab, ak chak mèt atizan nan sila SENYÈ a te mete kapasite avèk konprann pou konnen jan pou fè tout travay yo pou konstwi sanktyè a, va aji an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo.”
Avèk li te gen Oholiab, fis a Ahisamac la, nan tribi Dan nan, yon gravè, yon mèt ouvriye, yon tiseran an materyo ble, mov, wouj, ak osi an twal fen blan.