1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
1 Senyè a pale ak Moyiz, li di l:
Alò, Moïse te reyini tout kongregasyon a fis Israël yo. Li te di yo: “Se bagay sa yo ke SENYÈ a te kòmande nou fè:
“‘Kite chak nonm ki gen kapasite pami nou vin fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo:
Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a.
“Koulye a, Betsaléel, Oholiab, ak chak mèt atizan nan sila SENYÈ a te mete kapasite avèk konprann pou konnen jan pou fè tout travay yo pou konstwi sanktyè a, va aji an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo.”
Alò, Betsaléel fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a, te fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
Alò, devwa pa yo se te lach la, tab la, chandelye a, lotèl yo, tout zouti pou sèvis sanktyè a, rido a, ak tout sèvis ki fèt avèk yo.