Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 31:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Mwen te ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Mwen mete lespri m sou li an kantite pou l ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l fè tout kalite travay atizan yo konn fè,

Gade chapit la Kopi




Egzòd 31:3
12 Referans Kwoze  

Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”


Alò, Wa Salomon te voye mennen Hiram soti Tyr.


Li te fis a yon vèv soti nan tribi Nephtali e papa li te yon moun Tyr, yon travayè nan bwonz. Li te ranpli avèk sajès avèk konprann ak kapasite pou fè nenpòt kalite èv an bwonz. Konsa li te vini a Wa Salomon pou te fè tout travay li yo.


“Alò, voye ban mwen yon nonm abil pou travay an lò, ajan, bwonz, fè ak an twal mov, kramwazi, avèk vyolèt e yon nonm ki konn grave, pou travay avèk mesye kapab ke m genyen Juda avèk Jérusalem, ke papa m, David te chwazi yo.


Ou va pale avèk tout moun ki kapab yo, sa yo ke M te bay yon lespri sajès, pou fè vètman Aaron yo pou konsakre li, pou li kapab sèvi Mwen kòm prèt.


pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz,


Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo;


Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blanc, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”


Paske, SENYÈ a bay sajès. Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.


Paske Bondye pa li a enstwi li, e montre li sa ki bon.


Li va yon espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite