Li mete konfyans li nan Bondye. Enben, si Bondye vle l, se pou l delivre l kounye a! Dayè li te di ak bouch li: Mwen se pitit Bondye.”
Mak 9:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Apre sa, yon nwaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!” 1998 Haïtienne Yon nyaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun sòti nan nyaj la, li di: — Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, yon nwaj te fòme ki te vin mete yo nan fon lonbraj, e yon vwa te vin sòti nan nwaj la, “Sa se Fis Mwen; koute Li!” |
Li mete konfyans li nan Bondye. Enben, si Bondye vle l, se pou l delivre l kounye a! Dayè li te di ak bouch li: Mwen se pitit Bondye.”
Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”
Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”
Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.”
Lè disip yo voye je vit gade toutotou, sèl moun yo te wè devan yo se Jezi ki te la avèk yo.
epi Sentespri a desann sou li sou yon fòm fizik, tankou yon pijon. Apre sa, yon vwa pale nan syèl la, li di: “Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.”
Papa, fè wè glwa w non!” Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”
Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.”
Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.
Sa fè Jwif yo t ap chache pi plis pou touye l. Yo te di “Premyèman, nonm sa a pa obsève Lalwa sou jou repo a. Epi Li di Bondye se Papa l. Li fè pwòp tèt pa l egal ak Bondye.”
Papa a, Li menm ki te voye mwen, te bay prèv pou mwen. Men nou pa janm tande vwa li. Nou pa janm wè ak kisa li sanble.
Jezi rankontre nonm nan, apre l te fin tande yo mete l deyò nan sinagòg la, li mande l: “Èske ou kwè nan Pitit Lòm nan?”
Apre Jezi fin di pawòl sa yo, li monte nan syèl. Pandan disip yo t ap gade l ki prale konsa, yon nyaj bare li. Konsa yo vin pa t ka wè l ankò.
Se menm Moyiz sa a tou ki te di pèp Izrayèl la pawòl sa yo: Bondye gen pou l fè yon pwofèt parèt nan mitan nou. Se youn pami nou l ap ye tou, menm jan ak mwen.
Pandan yo t ap vwayaje kon sa sou wout la, yo vin rive bò yon dlo. Enik lan di: “Men dlo! Ki sa k anpeche m batize?”
Men lè Sentespri a resisite Jezikris, Senyè nou an, se yon fason pou l deklare li se Pitit Bondye avèk puisans, pou l gouvène ak tout otorite.
Se poutèt sa, nou dwe fè plis atansyon toujou ak ansèyman nou te resevwa a. Wi, nou dwe fè atansyon pou nou pa vire do kite wout dwat la detanzantan.
Jezi te resevwa onè ak laglwa ki soti kote Bondye, Papa a. Lè sa a, li te tande vwa Bondye ki gen grandè ak laglwa a ki te di: “Sa a se Pitit Gason mwen, Pitit mwen renmen an. Se li menm ki fè kè m kontan anpil.”
Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.
Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!