Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 1:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Li tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki di: — Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”

Gade chapit la Kopi




Mak 1:11
19 Referans Kwoze  

“Men sèvitè mwen an, moun mwen chwazi a, moun mwen renmen anpil la, moun ki fè kè m kontan anpil la. M ap ranpli l ak Sentespri m. Se li k ap tabli jistis nan mitan pèp yo.


Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!”


Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”


Tousuit apre l te soti nan dlo a, Jezi wè syèl la fann an de epi Sentespri Bondye desann sou li tankou yon pijon.


Apre sa, yon nwaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”


epi Sentespri a desann sou li sou yon fòm fizik, tankou yon pijon. Apre sa, yon vwa pale nan syèl la, li di: “Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.”


Se kon sa yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”


Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.”


Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl.


Papa a, Li menm ki te voye mwen, te bay prèv pou mwen. Men nou pa janm tande vwa li. Nou pa janm wè ak kisa li sanble.


Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye konsakre a.”


Men lè Sentespri a resisite Jezikris, Senyè nou an, se yon fason pou l deklare li se Pitit Bondye avèk puisans, pou l gouvène ak tout otorite.


Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite