Disip Jezi yo pwoche bò kote li epi yo di li: “Pou kisa ou sèvi ak parabòl pou pale ak moun yo?”
Mak 4:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Li t ap anseye yo anpil bagay, li te sèvi ak anpil istwa pou l te fè moun yo reflechi, li t ap di yo: 1998 Haïtienne Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa: Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Li te enstwi yo anpil bagay an parabòl. Li t ap di yo nan ansèyman li; |
Disip Jezi yo pwoche bò kote li epi yo di li: “Pou kisa ou sèvi ak parabòl pou pale ak moun yo?”
Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo: Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn.
Lè Jezi te fin di pawòl sa yo, moun yo pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye.
Apre sa Jezi kite zòn nan, l ale nan Jide ak nan rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Menm jan ak lòt fwa yo, anpil moun t ap swiv li, epi jan li te konn fè l deja a, li anseye yo.
Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj.
Nan ansèyman li, Jezi te di: “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo.
Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi.
Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun.